| Accueil | Créer un blog | Accès membres | Tous les blogs | Meetic 3 jours gratuit | Meetic Affinity 3 jours gratuit | Rainbow's Lips | Badoo |
newsletter de vip-blog.com S'inscrireSe désinscrire
http://thelimo.vip-blog.com


Wilson THÉLIMO
VIP Board
Blog express
Messages audio
Video Blog
Flux RSS

Wilson THÉLIMO

VIP-Blog de thelimo
  • 7 articles publiés
  • 0 commentaire posté
  • 1 visiteur aujourd'hui
  • Créé le : 29/11/2009 19:07
    Modifié : 29/11/2009 20:12

    Garçon (23 ans)
    Origine : Cayes, Sud, Haïti
    Contact
    Favori
    Faire connaître ce blog
    Newsletter de ce blog

     Juin  2026 
    Lun Mar Mer Jeu Ven Sam Dim
    01020304050607
    08091011121314
    15161718192021
    22232425262728
    29300102030405
    [ Wilson THELIMO ]

    LANMOU

    29/11/2009 20:06



    LANMOU

    Poukisa ou oblije fè m mete ajenou ?
    Ou pini mwen tankou bouskoutou
    Ou fè zanmi m yo rele m tisousou
    Tandiske tout sa ki nan kè m se pou ou
    LANMOU
    Ou dous pase rapadou
    Mwen pap bay ou pou bijou
    Rete kote m toulèjou
    Paske san ou m ka fou
    LANMOU
    Ou toujou ap fè m fouye zo nan kalalou
    Ou fè m rele Natacha : Chachou
    Ou fè m rele Katya : Katou
    Ou fè m rele Nadèj : Nadou
    LANMOU
    Ou pouse nan kè m tankou rasin mapou
    Ou fè m fèmen de je m pou m di: I love you
    Mwen santi m rantre lan yon lòt planèt jou pou jou
    Lè sa m fèmen de je m pou m di: Ay! Ay! Awi li gou
    LANMOU
    Depi m pa wè w mwen kagou
    Depi m wè w m anvi fè lanmou
    Ou bèl tankou bijou kajou
    Ou fè m vole ponpe nan chak kalfou

    Tankou yon moun ki sou
    Lè l fin bwè wonm babankou
    Pafwa yo konn menm mande m èske m fou
    Mwen di: Non. Tout sa se pou lanmou.

    Fevriye 2004






    [ Annuaire | VIP-Site | Charte | Admin | Contact thelimo ]

    © VIP Blog - Signaler un abus